Diskou Rektè Inivèsite Leta a nan okazyon Fèt Drapo ak Inivèsite 18 me 2020
Fritz Deshommes
N ap komemore Fèt Drapo ak Inivèsite ane sa a nan yon kontèks espesyal: yon pandemi ki parèt bridsoukou epi ki soti pou l boulvèse tout peyi sou latè san l pa epaye pèpap. Nan majorite peyi sa yo, pifò aktivite politik, ekonomik, sosyal kanpe. Lekòl ak Inivèsite pran gwo kou. Nan peyi d Ayiti, otorite yo blije pran menm mezi sa yo tou. Nou te deja ap viv yon sitiyasyon malouk. Kowona a vin la a tankou abse sou klou.
Ou kwè nou mezire tout konsekans konjonkti sa a genyen sou ekonomi peyi a, sou sosyete a? Ou kwè nou reflechi ase sou sa sa vle di Lekòl fèmen, Inivèsite fèmen nan yon peyi ki bezwen tout kapasite l pou l panse, pou l reflechi, pou l fòme pitit li, mete metye nan men yo, aprann yo viv ansanm, aprann yo pataje. Epi, nou pa konnen konbyen tan sitiyasyon sa a ap dire. Pi grav ankò, nou pa menm konnen ki sa «apre» a ap pote.
Antouka, pandemi kowonaviris la pote twa (3) gwo leson pou nou ki ta dwe fè n reflechi anpil, dekwa pou n byen jere lavi nou ak bonjan sans responsablite. Twa (3) leson sa yo se:
- Devwa solidarite yonn ak lòt;
- Rekonesans kapasite lakay;
- Nesesite pou n konstwi peyi a.
Premye leson an se solidarite
Kowona raple n nou se yon sèl pèp, yon sèl peyi. Nou tout ap viv sou menm bout tè a. Nou blije solidè yonn ak lòt. Depi maladi a prezan yon kote, sou nenpòt ki moun, li gen tandans mache, pwopaje, gaye nan tout kote, sou tout moun li ka jwenn. Li pa nan paspouki. Kit ou nwa, blan, milat, gason, fi, depi l jwenn ou l ap rantre sou ou. Kit ou rich osnon pòv; kit ou ret nan mòn, nan plenn, nan plato; kit w ap viv nan yon ti kay pay oubyen nan yon palè, li pa gade figi mèt kay anvan l rantre. Se pa vini w ki pou sove w.
Si nou pa vle l rantre, si nou pa vle l gaye lè l ta rantre, nou tout dwe veye yonn lòt, yonn sou lòt, yonn pou lòt. Yonn dwe fè atansyon pou lòt. Yonn dwe veye sou sante lòt. Depi yonn pran, lòt la dwe mete bab li alatranp.
Solidarite a dwe kòmanse ak pwòp tèt pa nou. Fò n ka pran swen kò nou. Fò n ka respekte bon règ ijyèn. Fòk nou p ap viv pil sou pil pou yonn pa enfekte lòt. Fòk nou ka ranfòse sistèm iminite kò nou. Fòk nou mete nou djanm pou n reziste anba maladi a. Fòk chak moun ka fè sa pou pwop tèt pa l tankou yon garanti pou li menm ak pou moun ki bò kote l.
Solidarite a vle di nou tout dwe chache konnen si tout moun nan peyi a gen kapasite pwoteje ak ranfòse tèt yo pou maladi a pa rantre ni sou yo ni sou nou. Epi chache kreye kondisyon pou tout moun alawonnbadè rive ranmase kapasite sa yo.
Èske tout moun, tout sitwayen, gen mwayen pou yo manje chak jou? Èske tout moun, tout sitwayen jwenn bonjan kay pou yo rete, nan bon kondisyon, san yo pa blije viv pil sou pil? Èske tout moun, tout sitwayen, jwenn dlo, bon dlo, pou yo bwè. Dlo tou pou yo lave men yo. Dlo ak savon pou yo benyen, lave kò yo, lave rad yo? Èske tout moun, tout sitwayen jwenn bonjan lopital, bonjan dispansè, bonjan medikaman, bonjan doktè? Èske tout moun, tout sitwayen, jwenn bon ledikasyon, bon lekòl, bon inivèsite?
Se nou tout, se tout kategori sosyal, ki gen enterè pou tout moun nan tout peyi a ranpli tout kondisyon pou yo ka pwoteje tèt yo, ranfòse sante yo, mete tout kalite baryè pou kowona pa rantre. E si l ta rantre, pou nou ka konbat li. Paske depi l yon kote, depi l sou yon Ayisyen, se tout kote, se tout Ayisyen ki an danje.
Dezyèm leson an se rekonesans kapasite lakay
Kowonaviris la pèmet nou dekouvri osnon redekouvri richès lakay ak konesans lakay epi ba yo valè. Jiskaprezan, lasyans oksidantal poko dekouvri remèd pou geri Kowonaviris. Men nou tout konnen nan peyi d Ayiti ak nan dyaspora a, se pa de remèd k ap sikile sou baz fèy lakay, flè lakay, zèb lakay, ekòs lakay, rasin lakay, konesans lakay. Nou tande tou anpil temwayaj konpatriyòt Ayiti tankou lòtbodlo ki fè konnen se te lakay, siwo lakay, tizàn lakay, ponch lakay ki pèmèt yo goumen e menm pote laviktwa sou maladi a. Nou pa ka di nou jwenn remèd kowona. Men tankou tout gwo peyi k ap fè gwo rechèch, nou ka di nou gen nan men nou pou n chache konnen èske remèd lakay yo pa ta ka jwenn bout kowona a. Pou n chache konnen tou ki engredyan, ki pratik, ki resèt ki bon oubyen ki p ap bon pou popilasyon an.
Anpil nan nou ka pa vle rekonèt sa, men mwen sèten moun ou pa ta panse ap chache met yon ti lalwa lakay yo, yon ti lay, yon ti amwaz, yon ti jenjanm, yon ti kanèl, yon ti jiwòf, pou sizoka. Èske medsin tradisyonèl nou an pa ta ka jwenn solisyon kowona a ? Sou kesyon sa a, nou kontan anpil dèske Ministè Sante Piblik te kòmanse relanse Direksyon Medsin Tradisyonèl li a. Nou ankouraje l kontinye nètalkole sou chimen sa a, nou ankouraje l vanse pi vit, mete plis resous. Inivèsite nou yo, Inivèsite Leta a an patikilye, ki deja gen pwogram rechèch sou medsin tradisyonèl, pare pou l tabli yon bonjan kolaborasyon ak MSPP.
Nou pwofite envite tout lòt sektè, kit se nan Leta a tankou Ministè Agrikilti, Ministè Anviwònman, kit se nan sektè prive a, tankou konpayi k ap pwodui medikaman yo, kit se nan sosyete sivil latankou Asosyasyon Medsen, Asosyasyon Famasyen, Asosyasyon doktè fèy ki ta enterese vin pote kole ak nou nan konbit sa a.
Epi nou konstate tou pandan n ap redekouvri remèd lakay yo, popilasyon nou an tou rantre nan yon lojik retoudaj sou manje lakay.
Nou te deja di, pou nou konbat kowonaviris la, fòk nou tout jwenn manje, bon manje. Fòk nou manje byen, bonjan manje lasante. Se pa manje enpòte ki ka gaye yon bann maladi nou pa t konnen anvan anndan peyi a. Men bonjan manje lakay, nou abitye pwodui, bonjan manje òganik, ki fèt ak angrè lakay, konpòs lakay, jan peyizan ayisyen yo fè sa byen nan tout listwa peyi d Ayiti.
Jounen jodi a, nou blije tounen bay agrikiti peyi d Ayiti plis valè. Pou dayè, se premye zouti nou genyen pou n kreye plis djòb, bese pri manje, kreye plis richès, twoke kòn nou ak dola k ap moute bwa. Se premye baz pou yon agwo-endistri djanm, pou nou mete ekonomi peyi a sou de (2) pye l.
Twazyèm leson an: nou blije konstwi peyi a
Kowona a rive fè yon bagay pèsonn pa t ap janm panse: tout fwontyè fèmen. Tout vwayaj aletranje entèdi. Menm si sa ka chanje, li p ap janm tounen menm jan l te ye anvan an. Sa vle di yon lòt fwa ankò: nou blije konte sou pwòp tèt nou. Donk pou yon seri pwodui ak sèvis nou abitye al pran lòtbò dlo oubyen lòtbò fwontyè, pa gen garanti n ap kontinye jwenn yo menm jan an toujou.
Sa vle di manje nou, rad nou, dlo nou, kay nou, lekòl nou, inivèsite nou, lopital nou, nou blije “reziye n” pran yo oswa pwodui yo anndan peyi a. Sa vle di tou nou blije voye je n anndan peyi a, pou nou gade, dekouvri, bay sa peyi a genyen valè, sa l pwodui, sa l ka fè, sa l ka devlope.
Nou blije konstwi peyi a ak sa l genyen. Nou blije chache sa l genyen. Sa l ka fè. Inivèsite nou yo pare pou akonpaye sosyete a sou chimen sa a.
Nou blije konstwi yon peyi pou nou tout. Nou blije pran responsablite tèt nou. Paske kowona montre n si n pa ka viv ansanm, si n pa vle viv ansanm, n ap peri ansanm. Si n pa pran responsablite tèt nou, n ap disparèt nou tout ansanm. Sa fè 15 lane yon ekriven lakay te avèti nou deja nan yon ti liv ki rele: «Se prendre en charge ou disparaitre». Jounen jodi a, pawòl sa a vin pi daplon, pi prezan.
Konstwi peyi a? Konstwi nasyon an? Sa vle di pèmèt tout moun viv tankou moun. Garanti tout dwa tout moun genyen pou jwenn manje, kay, ledikasyon, lasante, travay, libète, jistis, jan manman lwa peyi a prevwa l, jan 99% sitwayen ki t al vote Konstitisyon 1987 la te deside pou peyi a mache. Konstwi nasyon an, se vire je n pi plis anndan peyi a, chache konnen l, chache dekouvri l, chache idantifye tou sa l genyen k bon, pou nou ba yo valè, pou nou bati sou yo.
Konstwi nasyon an vle di: pa gaspiye resous nou yo. Toujou sonje yo egziste anvan n al chache lòt kote. Resous moun, resous latè, resous dlo, resous lanmè, resous anba tè, resous anba dlo, resous anba lanmè, resous solèy, resous, lajan, resous kilti peyi a, resous konesans peyi a, resous jenès peyi a, resous grandèt peyi a.
Anpil fwa, nou konn di nou ta fè si, nou ta fè sa, men nou pa gen ase lajan, nou pa jwenn ase èd entènasyonal. Ou kwè se lajan k pwoblèm nan toutbon? Si se te vre, nou t ap gen tan lwen lwen deja. Etid syantifik montre nan ane 1990 yo, Ayiti te pami peyi ki te resevwa plis èd entènasyonal per capita. Nou kontinye resevwa anpil lajan nan lane 2000 yo, nan lane 2010 yo. San konte lòt lajan yo resevwa pou nou, nan non nou, san nou pa menm konnen.
Se pa pwoblèm lajan. San lajan èd entènasyonal, nou ka fè anpil anpil bagay. Anvan menm te gen èd entènasyonal, nou te rive leve anpil defi, kòm peyi, kòm pèp. Nou te menm konn bay lòt pèp, frè nou, bonjan bourad. Nou sitou bezwen volonte pou n konstwi peyi nou. Nou bezwen pran desizyon fèm. Nou bezwen gen lafwa nan peyi a. Nou bezwen kwè nan peyi a. Nou bezwen gen asirans se sèl peyi nou genyen, se nou k pou fè l, se nou k ka fè l. Se devwa n pou n kontinye travay zansèt yo te kòmanse.
Epi nou ka chache lajan tou. Pa lajan k ap kenbe n nan yon depandans san limit. Pa lajan k gen kondisyon si tèlman malouk ou pa rive konnen kilès k ap ede kilès. Gen lòt lajan nou ka jwenn ki pa mande tout kondisyon sa yo. Gen lajan yo dwe nou. Gen lajan zansèt nou nan divès peryòd nan istwa nou peye pou nou deja. Pa egzanp, lajan reparasyon lesklavaj lajan restitisyon lòt kòb yo te kase ponyèt nou pou yo pran nan men nou nan move kondisyon.
Nan konjonkti entènasyonal la gen 2 gwo rezon ki ka pèmèt nou al chache lajan sa yo. Premye a se kowona a limenm.
Kowona a blije tout peyi sou latè fè solidarite yonn ak lòt pou yo rive kwape viris la. Depi vwazen an pran, fòk ou mete bab ou alatranp. Lide solidarite entènasyonal sa a te deja pran chè nan gwo konferans entènasyonal COP-21 sou rechofman klima ki te fèt nan vil Paris nan lane 2015. Li vin ranfòse jounen jodi a.
Dezyèm rezon an se gwo batay peyi Karayib yo, peyi Afrik yo, pèp nwa nan peyi Etazini ak lòt peyi ap mennen pou yo jwenn reparasyon pou lesklavaj lalwa entènasyonal rekonèt kòm yon krim kont limanite. E nou byen konnen depi gen krim, fòk gen reparasyon. Nan kad komemorasyon Deseni Pèp Nwa yo Òganizasyon Nasyonzini pwoklame pou peryòd 2015-2024, peyi d Ayiti ta dwe rantre nètalkole nan demach sa a. Pa bliye SenDomeng nou eritye a se te koloni ki te pi rich, kote esklavaj la te pi rèd sou latè.
Gen yon twazyèm rezon. Peyi d Ayiti itil limanite anpil. N a sezi wè valè peyi, valè enstitisyon, valè pèsonalite nan lemond ki pare pou pote kole ak peyi k te reyalize pi gwo Revolisyon lemond te janm konnen nan peryòd 1791-1804. Lè n deside remete peyi a sou pye toutbon, epi lè n deside ateri pwojè sosyete zansèt nou yo te batay pou li a, pwojè peyi pou nou tout la, n a va wè kalite solidarite n ap resevwa.
Donk nou ka jwenn lajan, bonkou lajan, sitou si n gen vizyon, si n gen plan, si n deside konstwi peyi a toutbon.
Konstwi peyi a se pran responsablite tèt nou. Se sèl sa k rete pou n fè si nou vle respekte Drapo n ap fete jodi a, si nou vle onore zansèt yo, si nou vle montre nou se bon eritye kokenn chenn peyi sa a papa nasyon yo kite pou nou.
Prezidan, premye minis, otorite tout branch nan Leta a, kominote inivèsite a,
Yè 17 me, sa fè de (2) lane dat pou dat Leta Ayisyen siyen ak Inivèsite Leta a yon Akò istorik, ki te pote anpil lespwa, anpil kè kontan. Leta te pran angajman pou l envesti nan Inivèsite a, pèmèt li aplike Plan Estratejik li epi itilize ekspètiz li nan tout domèn. Inivèsite a te pran angajman pou l founi Leta plis kad, plis konpetans, plis konesans, plis kapasite dekwa pou politik Leta yo ka ateri pi byen anndan popilasyon an. Nou regrèt anonse: jouk jounen jodi a, Akò sa a pa rive aplike – nou prefere di li poko rive aplike. Nan moman n ap pale de konstwi peyi, konstwi nasyon, evite gaspiyaj, konte sou pwòp tèt nou, nan moman kowona a blije n ranmase karaktè n, Inivèsite Leta a vle ensiste pou l di Akò sa a, kolaborasyon sa a, rete yon nesesite pou Leta a, pou Inivèsite a, pou peyi a. Inivèsite Leta a toujou pare pou l bay tout kontribisyon l nan konbit pou nou konstwi peyi a, pou nou konstwi nasyon an nan tout domèn li gen konpetans.
Jodi a, nan okazyon Fèt Inivèsite a, li enpòtan pou Leta ak tout sosyete a pwoteje Inivèsite yo, pwoteje Lekòl yo, ba yo jarèt, akonpaye yo nan chache pi bon fason, pi bon fòm pou yo fonksyone. Fòk elèv, etidyan yo kontinye jwenn opòtinite pou yo aprann, pou yo meble lespri yo. Fòk pwofesè nou yo pa pèdi metye yo. Se lavni nou, se lavni pitit nou, se lavni peyi a n ap prepare. Peyi a bezwen fòme – epi byen fòme - tout pitit li, peyi a bezwen plis deba, plis refleksyon, plis lide, plis brase lide. Pou nou jere peryòd espesyal pi byen sa a, pou nou prepare peryòd apre kowona a pi byen epi pou nou angaje n seryezman nan konstriksyon yon peyi pou nou tout, kote tout moun ka viv, kote tout moun gen dwa, tout moun gen devwa, tout moun jwenn opòtinite ; kote yonn ap veye sou lòt, yonn bay lòt lebra, jan zansèt yo te bann egzanp lan yon 18 me kou jounen jodi a, nan lane 1803.
Konstwi peyi a, konstwi nasyon an, a se pi bèl angajman nou ka pran devan zansèt yo nan jounen 18 me 2020 sa a. Se konsa n ap ka leve eskanp figi Drapo a. Se sa k ap bann lejitimite pou n fete Drapo a.
Annatandan, m ap swete tout moun alawonnbadè: Bòn Fèt Drapo, Bòn Fèt Inivèsite.
An n pran dispozisyon pou n konstwi yon nasyon pou tout pitit li.
18 me 2020
Fritz Deshommes
Rektè UEH